Nou te pale sou verifikasyon plizyè fwa deja, e nou fè sa pou bon rezon. Sa se youn nan kesyon yo poze nou plis! Verifikasyon sou nenpòt platfòm ka kreye konfizyon — e pafwa li ka menm twonpe moun. Se poutèt sa nou vle fè verifikasyon sou Clapper vin pi aksesib pou tout kreyatè, kèlkeswa rezon yo pou yo ap kreye kontni. Ou pa ta dwe monte le syèl pa do pou w verifye sou Clapper. Nou senplifye pwosesis la pou tout kreyatè ki serye, ki travay di, ka rive verifye kont yo.
Men, kreyatè toujou gen kesyon. Kisa “orijinal” vle di? Ki fòma videyo yo dwe genyen? Konbyen vizyalizasyon ou bezwen sou videyo w?
Se la nou te mande èd @FortunatelyFemmes, ke nou konnen pi byen kòm Dr. Betty. Yon fanm antreprenè ak otè ki vann anpil liv, Betty se yon lidè nan kominote ayisyen an. Li te pase atravè tout pwosesis verifikasyon an, epi li ap ede lòt kreyatè jwenn wout pa yo. Ki lòt moun ki pi byen pozisyone pou ban nou opinyon yon kreyatè sou verifikasyon sou Clapper?
Pran ti chèz ba ou paske Dr. Betty ap vide tout verite sou verifikasyon Clapper a!
Sa k’ Pase! Ann pale de verifikasyon!
Si w se yon kreyatè ayisyen tankou mwen k’ ap eseye konprann kijan pou w jwenn bèl ti chèk ble ki sou Clapper a, ouvri zòrèy ou—paske mwen pral detaye tout sa ou bezwen konnen. San blòf, san filtè! Tout verite nèt sou sa ki mache e sa ki pa mache pou w verifye sou Clapper.
1. Kontni orijinal sèlman
Ann pale klè: Clapper vle wè OU. Pa voye yon fotocopi TikTok. Pa voye videyo marasa ou mete sou Facebook. Videyo ou soumèt pou verifikasyon an dwe:
- zèv pa ou
- Fèt dirèkteman pou Clapper
- Pa resikle nan lòt rezo sosyal
Clapper renmen orijinalite, kidonk fè yon bagay nouvo. Di non ou, salye fanmi yo, pataje verite ou—sòti kòm ou ye.
2. Filtè? Ann mete sa sou tab la
Tande sa: filtè a pa yon move bagay, men yo ka bay move imaj. Ekip verifikasyon Clapper a vle wè ou jan ou ye a, pa vèsyon “avatar” ak je ki klere ak figi lis nèt la.
Tande byen. Mete makiyaj pa menm ak itilize filtè. Ou ka mete yon ti poud, roze bouch ou, fè sans ak tèt ou—men evite filtè dijital ki egzajere, ki ka chanje aparans ou twòp.
Mande tèt ou: Si yon moun kwaze avèk ou apre yo fin gade videyo ou, èske y ap rekonèt ou? Si repons lan se non—ralanti sou filtè yo.
Pou fini, poste jan ou ye a. Prezantab e byen pwòp, senp e natirèl. Men kenbe li reyèl—san filtè.
3. Èske ou ka verifye de kont?
Repons kout: Wi…men tou non.
Clapper pèmèt ou verifye yon sèl kont alafwa, anjeneral kont prensipal ou kòm kreyatè. Si w gen yon lòt paj (tankou pou biznis ou oswa yon lòt aktivite), li dwe gen pwòp idantite pa li ak kontni orijinal. Epi pa panse w ka twonpe sistèm lan lè w mete menm kontni sou tou de kont yo. Clapper pa egare.
💡 Ti konsèy andedan: Ou ka gen jiska twa kont sou Clapper.
4. Fòma videyo pou Clapper
Videyo ou pa bezwen parèt tankou sinema Hollywood, men fòma ideyal la:
- Videyo vètikal (kenbe telefòn lan dwat)
- Ant 6.5 segonn ak 3 minit
- Sèvi ak pwòp vwa ou—pa itilize “voiceover” oswa “text-to-speech”
- Bèl limyè, pa dwe gen bri anndan, epi pa mete filtè lou
Clapper pa sèlman ap chèche kontni orijinal, men bon jan kalite tou. Fòma sa a se fondasyon bon videyo. Ou ka itilize son ou vle, modifye jan ou vle, men asire videyo ou a bon kalite!
5. Èske ou ka efase videyo?
Wi, ou ka efase videyo ou yo, men gen yon gwo eksepsyon. Pa efase okenn videyo ki anba revizyon pou verifikasyon!
Sa ka afekte kantite mwayèn gade ou yo, nivo angajman ou, oswa rann ou pa gen ase videyo sou paj ou pou ou aplike ankò. Se pou w jwe li an sekirite: pa efase okenn videyo pandan w ap tann verifikasyon ou.
6. Manti sou “5K” la
Ann kraze manti ki pi popilè sou Clapper: “Ou jis bezwen yon sèl videyo ak 5,000 gade pou w jwenn bèl ti chèk ble a.”
Sa pa vre! Algoritm Clapper pi entelijan pase sa. Yo ap chèche mwayèn 5,000 gade sou videyo ou yo pandan 30 dènye jou yo.
Poukisa? Paske Clapper vle kreyatè verifye ki gen entèraksyon reyèl ak kominote yo. Yo vle rekonpanse kreyatè ki toujou ap angaje ak fanatik yo. Kreyatè tankou ou ki sou Clapper pou kominote a, pa sèlman pou vin popilè fasil.
Dènye panse soti nan kreyatè parèy ou
Verifikasyon sou Clapper pa sou pèfeksyon. Se sou prezans, konsistans, ak verite.
Antanke kreyatè ayisyen, ou gen yon bagay inik pou ofri—vwa ou, talan ou, kilti ou, jan ou wè lavi. Pa kache sa. Mete l devan. E sonje: ti chèk ble a pa objektif final la—se rekonpans lan pou w rete otantik e konekte ak kominote ou.
Kidonk, soti bò kote mwen kòm yon lòt kreyatè…
Kenbe l reyèl. Kenbe l fre. E kontinye kreye!
Kounye a ke Betty ban nou apwòch yon kreyatè sou kijan pou aplike pou verifikasyon sou Clapper, ann pale sou sa k rive apre.
Lè ou fin aplike pou verifikasyon, ekip Clapper lan ap revize aplikasyon ou an. Yap gade aplikasyon ou an ansanm ak kontni ou pataje sou Clapper. Jan Dr. Betty te di sa, nap chèche orijinalite, konsistans, ak kalite. Pwosesis nou an byen detaye epi li ka pran kèk tan.
Konbyen tan sa ka pran? Sa depann de plizyè bagay:
- Kantite moun ki aplike pou verifikasyon
- Ki kalite verifikasyon ou te aplike pou li
- Konbyen videyo ou genyen sou kont ou
An jeneral, verifikasyon ka pran soti yon semèn pou rive kèk mwa. Pa gen tan fiks. Ou antre nan liy ansanm ak lòt kreyatè, epi nap travay sou aplikasyon yo nan lòd yo vini yo. Men si ou tonbe dèyè yon moun ki gen anpil videyo… li ka pran plis tan.
Si kèk semèn oswa kèk mwa pase epi ou poko tande anyen, voye yon DM bay @ClapperCreator oswa @ClapperAcademy. Nou pa ka akselere pwosesis la, men nou ka fè ekip verifikasyon an konnen ou mande yon mizajou.
Plis sou Dr. Betty
Jan nou te di sa pi wo a, ou ka jwenn Dr. Betty sou Clapper anba non @FortunatelyFemmes. Li se yon otè ki vann anpil liv, yon editè, ak fondatè Fortunately Femmes Inc. Liv li yo gen ladan:
- The Friend Inside: Find Yourself & Find Your Life’s Purpose
- Fortunately Femmes: A Legacy of Fortune and Femprenuership
- Premye koleksyon powèm li sou Ayiti, Ayiti Gen Pitit
Koleksyon powèm sa a sòti nan yon konkou powèm li te lanse sou Clapper pandan Mwa Eritaj Ayisyen an. Antre nan kominote Write & Rise li a pou jwenn konsèy sou kijan pou “ekri, leve, epi kite yon enpak ki dire.”
Yon gwo mèsi pou Dr. Betty paske li ban nou lide yon kreyatè sou verifikasyon Clapper! Pou plis detay sou verifikasyon, ale gade “How to Get Verified on Clapper“.
🧡 Ekri pa Dr. Betty Fortunat ak Harri Drake
The Clapper app is a short-form video and Livestream app for creators 17+. Our goal is to give creators a platform to build communities and express themselves freely without judgment and censorship. To learn more, download the app or follow us on Instagram, Facebook, X, and LinkedIn.

